Advertisement

Sajès(wisdom) 🎼🎵 written by Laura Woodley,interpreting by me

Sajès(wisdom) 🎼🎵 written by Laura Woodley,interpreting by me 🎼🎵🎶Ou gen sajès lè ou krent BonDye.
Nan tout bagay veye sa w'ap panse.
Paske se yo k'ap di'w kijan pou'w Viv
Li enpòtan jan ou jere tan ou.
Gen yon chemen ki bay lavi
Se nan chemen sa pou ou mache
Medite pawòl BonDye lajounen kou lannwit
Wa va beni nan tout sa w'ap fè.
Ref
Tank'on pyebwa plante bò yon sous dlo
Se konsa pou ye pitit mwen.
W'ap bay fwi nan tout sezon, w'ap prospere
Tank'on pyebwa plante bò yon sous dlo.

Toujou Sonje priye nan tout sa w'ap fè
Sen Espri a la,pou Li gide'w
Avèk pwisans BonDye w'ap pote la viktwa
W'ap wè mirak lè ou fè sa.
Fè sa ki bon,fè sa ki dwat.
Kouri pou sa ki mal ak tout fòs ou
Pa tande tout bagay,pa gade tout bagay
Se pou'w genyen santiman ki nan Kris la

Padone tèt ou,padone fanmi ou
Padone zanmi ou,padone ènmi ou.
Fè jistis,gen pitye. Mache nan imilite
Pa ofanse,fè lapè,pa jije.🎼🎵🎶.

Woodley,interpreting

Post a Comment

0 Comments